fbpx
Logo
Jun 16, 2025 | Paz Radovic

Kijan etidyan entènasyonal yo kapab prepare yo pou vwayaje andeyò Etazini

Kòm Administrasyon Trump lan ap simen laperèz ak ensètitid nan koze viza, men enfòmasyon elèv entènasyonal yo dwe konnen sou fason pou yo vwayaje epi retounen nan peyi Etazini san danje.

Daprè yon rapò Biwo Depatman Deta pou Edikasyon ak Kilti ak Enstiti Edikasyon Entènasyonal la, plis pase 1.1 milyon elèv entènasyonal etidye Etazini pandan ane akademik 2023–24 la. De nan senk premye enstitisyon dakèy yo ki se New York University ak Columbia University, baze nan vil Nouyòk. Kòm ane lekòl la ap fini, epi administrasyon prezidan Trump lan ap kontinye reprezay kont inivèsite yo pou depòte plizyè santèn etidyan ki gen viza, nou met tèt ansanm ak Immigrant ARC pou n kreye yon gid pou ede w prepare vwayaj entènasyonal ou yo.

Mwen se yon etidyan entènasyonal k ap etidye Etazini. Ki dokiman m bezwen pou m vwayaje andeyò peyi a?

Lè w ap vwayaje, li esansyèl pou w pote dokiman ki pwouve estati viza etidyan w. Kenbe tout dokiman ki enpòtan yo ansanm byen ranje nan yon katab, epi asire w ou kenbe yo nan valiz ki nan men w lan. Pa mete dokiman sa yo nan valiz ou tcheke a yon fason pou w montre yo  nenpòt ki moman:

  • Paspò (valab pou omwen 6 mwa). 
  • So Visa F-1 oswa J-1 (ki poko ekspire).
  • Fòm I-20 an (avèk siyati vwayaj ki siyen nan dènye 12 mwa yo, oswa 6 mwa si w nan OPT (optional practical training).
  • SEVIS (Sistèm Enfòmasyon pou Elèv ak Vizitè Echanj) Resi frè pou fòm I-901.
  • Lèt Enskripsyon Lekòl la / Relve nòt.
  • Dokiman Finansye.
  • Dokiman I-94 (Ofisye imigrasyon yo mete dokiman sa a ajou otomatikman).
  • Kat EAD (Dokiman Otorizasyon Travay) ak Lèt Travay ou (si sa aplikab) 
  • Enfòmasyon kontak DSO a (Designated School Official), ak enfòmasyon kontak avoka w, si sa aplikab, nan ka w ta bezwen pale ak yo a nenpòt ki moman pandan vwayaj ou.

Kisa m ka fè pou m prepare m anvan m vwayaje?

  • Revize dokiman vwayaj ou yo (tout dokiman ki gen rapò ak viza ki nan lis pi wo a) pou asire w ou gen tout dokiman obligatwa yo. 
  • Pratike eksplike estati imigrasyon w nan pwòp mo pa w . Lè w konn sa w vle di ak kijan w vle di l, sa ka ede w rete kalm.
  • Anvan w vwayaje, avize reprezantan ofisyèl lekòl ou a (DSO) ak avoka w, si w gen youn. Nan ka ou ta bezwen èd oswa konsèy yo, y ap deja okouran plan vwayaj ou yo.
  • Tcheke plizyè fwa si fòm I-20 ou a gen yon siyati vwayaj valab.
  • Tcheke estati SEVIS ou. Si estati w ekspire oswa w ap tann pou estati w retabli, ou ta dwe evite vwayaje. 
  • Sere kopi dijital tout dokiman w yo plizyè kote, sizoka ou ta pèdi orijinal yo.
  • Pataje itinerè vwayaj ou a ak yon moun ou fè konfyans pou yo ka kontwole lè w rive epi rete okouran de nenpòt reta.

Pou plis resous, ou ka vizite: immigranthelpny.org 

Lè m ap retounen Etazini, ki kesyon ofisye imigrasyon yo ka poze m?

Li nòmal pou ofisyè imigrasyon Etazini yo poze tout vwayajè yo kesyon sou sitwayènte yo ak objektif vwayaj yo. Objektif yo se verifye si viza w valab, si w gen yon rezon lejitim pou w antre epi si w pa gen entèdiksyon pou w retounen nan peyi a.

Men kesyon yo kapab poze w jeneralman:

  • Poukisa w ap retounen Etazini?
  • Ki kote ou pral rete?
  • Ki kalite viza ou genyen?
  • Èske w te janm jwenn refi pou antre Etazini?
  • Èske yo te janm arete w oswa kondane w pou yon krim?
  • Ki travay ou fè?
  • Ki lyen ou genyen ak peyi lakay ou?

Nou rekòmande w reponn onètman. Fo enfòmasyon, menm pa omisyon, ka gen konsekans grav ki ka menm lakòz yo refize w antre.

Èske ofisye imigrasyon yo kapab fouye telefòn mwen?

Wi. Ofisye imigrasyon yo gen dwa revize sa ki nan aparèy elektwonik ou yo pandan pwosesis aplikasyon viza a, lè w ap antre Etazini, ak/oswa pandan lòt etap nan pwosesis imigrasyon yo. Yo ka tcheke enfòmasyon piblik ki disponib sou ou tou.

Men sa pou w prepare:

  • Pa ofri telefòn ou volontèman.
  • Dezaktive Face ID oswa Touch ID pou telefòn ou an pa kapab debloke san konsantman w.
  • Efase tout aplikasyon ki pa esansyèl pou w vwayaje.
  • Efase fichye ki gen foto ak videyo ou fèk efase sou telefòn ou yo.

Remak: Fè atansyon ak prezans ou sou entènèt la. Ofisye imigrasyon yo gen dwa pou yo fouye telefòn nenpòt moun, epi menm lè w pa oblije pataje paj rezo sosyal ou yo oswa opinyon politik ou, ofisye yo ka wè kontni piblik ou yo epi poze w kesyon sou yo.

Ki enfòmasyon m ka refize pataje legalman?

Ou ka legalman refize kèk demann, men sonje sa kapab genyen konsekans. Pa egzanp, ou ka refize bay modpas pou ouvri telefòn ou oswa òdinatè w.  Sepandan, ofisye imigrasyon yo ka toujou konfiske aparèy ou (yo) oswa retade antre w. Si yo pran aparèy ou, mande yon resi ak enfòmasyon kontak ofisye a.

Aprann plis: Gid ACLU sou vi prive dijital ak fouy sou fwontyè  

Èske mwen gen dwa rete an silans?

Wi. Ou ka refize reponn kesyon sou opinyon politik ou oswa ideyoloji w lè w di: “M ap egzèse dwa m pou m rete an silans. Mwen vle pale ak yon avoka.” Sepandan, ofisye imigrasyon yo ka toujou pran desizyon ki baze sou enfòmasyon yo deja genyen, kidonk refize pale kategorikman pa toujou itil.

Èske m gen dwa a yon avoka?

Pa egzakteman. Si yo kenbe w pou kesyon adisyonèl — sa yo rele enspeksyon segondè a — ou kapab mande pou w rele DSO w oswa avoka w. Avoka w la ka rele tou pou l ede w, menmsi li enpòtan pou w konnen imigrasyon pa oblije reponn apèl la.

Èske kesyon adisyonèl konsidere kòm detansyon?

Non. Si yo mennen w nan yon lòt kote nan ayewopò an pou kesyon adisyonèl (enspeksyon segondè), sa pa konsidere kòm ‘detansyon’. Sepandan, ofisye yo ka toujou pran telefòn ou pou yon ti tan (yo dwe ba ou yon resi) epi poze w kesyon detaye sou vwayaj ou ak viza w.

Enpòtan: Enfòmasyon sa yo la sèlman pou edike w. Resous sa a pa konsèy legal. Pou konsèy ak enfòmasyon sou yon dosye espesifik, nou rekòmande w konsilte yon avoka imigrasyon ki kalifye oswa yon reprezantan akredite anvan w fè plan vwayaj. Pou plis sipò ak resous, vizite: immigranthelpny.org 

Yon gwo remèsiman pou Immigrant ARC pou kontribisyon yo nan gid sa a. Pou w aprann plis sou travay enpòtan Immigrant ARC ap fè, tcheke sit entènèt yo a.

Ou gen plis kesyon sou sijè sa a ak kijan li konsène w? Kontakte yon ekspè Documented.info pou w jwenn repons gratis ak konfidansyèl. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt